Règleman kont Diskriminasyon, Asèlman ak Pratik Diskriminasyon nan Travay/Sèvis
Kreyòl ayisyen (Haitian Creole) | DÈNYE REVIZYON NAN DAT 16 OUT 2023
Rapòte yon pwoblèm nan Biwo Ekite ak Enklizyon sou sitwèb uofr.us/padh-report (https://uofr.us/padh-report).
Règleman Kont Diskriminasyon ak Asèlman (Policy Against Discrimination and Harassment, PADH) aplike pou: Gwoup pwofesè, anplwaye, rezidan yo, manm yo; estajyè pòs-doktora; etidyan-anplwaye; etidyan(1); estajyè (ki touche oswa ki pa touche); volontè; ak tout vizitè yo (ansanm avèk pasyan yo, kontraktè yo, ak founisè yo) nan nenpòt kanpis, sant medikal ak/oswa pwopriyete Inivèsite a, epi nan aktivite ak evènman Inivèsite a sipòte, kit se nan espas oswa pa nan espas Inivèsite a.
Nou administre Inivèsite a avèk anpil lwa leta ak lwa federal ki entèdi diskriminasyon ak asèlman ki baze sou anpil diferan kategori pwoteje epi règleman sa a deziyen pou nou konfòme nou avèk tout lwa sa yo. Lwa sa yo ka egzije pou sèten plent ou depoze dapre règleman sa a rezoud dapre yon lòt règleman Inivèsite a (paregzanp, règleman Tit IX Inivèsite a). Biwo Ekite ak Enklizyon Inivèsite a pral evalye tout plent moun fè dapre règleman sa a epi y ap detèmine pwosesis ki pi apwopriye a pou rezoud enkyetid moun nan.
- Règleman sa a pa deziyen pou nou itilize pou plent moun fè kont etidyan yo. Pou plent moun fè kont etidyan yo, se Nòm Konduit Etidyan yo (https://www.rochester.edu/college/cscm/conduct.html) ki aplike oswa Règleman kont Move Konduit Seksyèl Etidyan yo (https://www.rochester.edu/sexualmisconduct/assets/pdf/StudentSexualMisconductPolicy.pdf) ak pwosesis asosye ki aplike. Ale sou sitwèb Konduit Etidyan la (http://www.rochester.edu/college/cscm/conduct.html).
I. Règleman an ak Deskripsyon Règleman an
Inivèsite a angaje pou antreteni yon espas travay ak yon anviwònman akademik san diskriminasyon ak asèlman. Nan sipò Vizyon li, ak Valè li yo ak angajman li pou gen opòtinite egalego pou tout moun (jan sa endike nan Règleman 100: Règleman pou gen Valè Moral nan Espas Travay la ak Opòtinite Egalego pou Tout Moun (https://www.rochester.edu/policies/policy/workplace-values/), the University of Rochester endike Deklarasyon ki anba yo konsènan Règleman an:
A. Deklarasyon Anti Diskriminasyon ak Anti-Asèlman
Inivèsite a entèdi diskriminasyon ak asèlman akòz laj, koulè, andikap, sitiyasyon moun ki viktim nan vyolans nan kay, gwoup etnik, idantite jan oswa ekspresyon jan ki gen ladan transjan, moun ki idantifye yo alafwa kòm gason ak fanm, enfòmasyon jenetik, eta sivil, sitiyasyon fanmi oswa desizyon pou pran konsènan sante repwodiksyon moun, sitiyasyon militè/veteran. Peyi kote moun ft, ras (ki gen ladan estil cheve), relijyon/kwayans(ki gen ladan abiman relijye, ak pwal nan figi, sèks, preferans seksyèl, sitiyasyon sitwayènte, dosye arestasyon ki pa annatant, oswa nenpòt lòt sitiyasyon lalwa pwoteje (annapre chak nan gwoup sa yo pral rele “Kategori Pwoteje”). Nou p ap tolere diskriminasyon oswa asèlman ki baze sou yon Kategori Pwoteje, epi nou konsidere sa kòm yon move konduit ki pral lakòz nou aplike disiplin.
Diskriminasyon oswa asèlman dapre Règleman sa a pa gen ladan konpòtman malonèt oswa gwosye ki pa baze sou yon Kategori Pwoteje; paregzanp, nou dwe rezoud plent ki konsène mo sal oswa jouman ki pa asosye avèk yon Kategori Pwoteje oswa pwoblèm patwonaj avèk lòt mwayen (egzanp, Resous Imèn, yon sipèvizè, Medyatè a).
Desizyon nou pran yo pou detèmine si yon moun te vyole oswa pa t vyole PADH dapre akizasyon yo sou konpòtman moun nan kapab montre gen zak kriminèl ki fèt tou sèlman pou nou detèmine si moun nan te vyole Règleman sa a. Nòm pou evalye yon vyolasyon Règleman an pa menm avèk nòm legal diferan yo ki obligatwa pou detèmine yon responsablite kriminèl.
B. Deklarasyon Anti-Vanjans
Inivèsite a entèdi vanjans kont nenpòt moun ki fè plent oswa ki montre opozisyon li pou diskriminasyon oswa asèlman li konstate, tankou moun ki patisipe nan nenpòt ankèt, oswa plent anba Règleman sa a oswa lòt pwosedi ki gen rapò avèk yon reklamasyon ki baze sou yon Kategori Pwoteje. Nou p ap tolere diskriminasyon oswa asèlman ki baze sou yon Kategori Pwoteje, epi nou konsidere sa kòm yon move konduit ki pral lakòz nou aplike disiplin.
C. Deklarasyon Tit IX
Inivèsite a konfòme li avèk Tit IX Amannman 1972 konsènan Edikasyon, ki entèdi diskriminasyon ki baze sou sèks (ki gen ladan asèlman seksyèl ak vyolans ki baze sou sèks) nan pwogram ak aktivite edikasyonèl Inivèsite a, epitou nou entèdi vanjans kont moun ki fè reklamasyon diskriminasyon ki baze sou sèks. Nou p ap tolere diskriminasyon oswa asèlman ki baze sou sèks, epi nou konsidere sa kòm yon move konduit ki pral lakòz nou aplike disiplin. Nou ta dwe transfere ankèt ki konsène aplikasyon Tit IX ak plent ki baze sou sèks ba Kowòdonatè Tit IX Inivèsite a titleix@rochester.edu. Ou kapab poze kesyon ki konsène aplikasyon Tit IX ba Kowòdonatè IX oswa Biwo Dwa Sivil (Office of Civil Rights, OCR) Depatman Edikasyon Etazini avèk:
- Biwo li nan New York nan nimewo: (646) 428-3800;
- Biwo santral li nan nimewo (800) 421-3481;
- TTY: (800) -877-8339.
Gen lòt enfòmasyon ki disp0onib la a sou sitwèb: https://ag.ny.gov/bureau/civil-rights
II. Relasyon avèk Prensip Libète Akademik ak Libète Lapawòl
Siksè University of Rochester depannde yon anviwònman ki ankouraje refleksyon apwofondi ak kreyativite entèlektyèl. Sa egzije pou gen yon atmosfè kote moun kapab eksprime anpil lide diferan ak diskite sou yo. Inivèsite a ap chèche bay yon anviwònman ki respekte kontribisyon tout moun ki konpoze kominote li, ki ankouraje devlopman entèlektyèl ak devlopman pèsonèl, epitou ki sipòte boukantay lide libelibè. Règleman sa a pa deziyen pou entèdi kontni diskou, diskisyon, deba, ak dyalòg nan salklas la, nan kanpis la, oswa nan nenpòt fowòm Inivèsite a ki asosye yon fason rezonab avèk aktivite akademik, oswa ekspresyon politik, atistik ak boza vizyèl. Inivèsite a pral pwoteje libète akademik ak ekspresyon atistik nan aplikasyon Règleman sa a. Men, nou entèdi itilizasyon diskou oswa ekspresyon pou pratike diskriminasyon kont moun ki pwoteje anba Règleman sa a oswa itilizasyon diskou ki kreye yon anviwònman negatif pou aprann, travay oswa viv nan kanpis la pou moun ki pwoteje anba Règleman sa a.
III. Definisyon Tèm ki gen Referans nan Règleman an
Definisyon ki endike anba yo deziyen pou bay yon pi bon entèpretasyon siyifikasyon sèten tèm jan nou itilize yo nan Règleman sa a:
A. Diskriminasyon
Diskriminasyon vle di yon aksyon oswa desizyon negatif oswa tretman yon moun oswa yon gwoup moun yon fason diferan akòz yon Kategori Pwoteje oswa akòz afilyasyon/asosyasyon sipoze oswa ki reyèl avèk lòt moun ki nan yon Kategori Pwoteje.
B. Asèlman
Asèlman se yon fòm diskriminasyon ki pratike avèk konduit vèbal, ekri, fizik , oswa elektwonik ki:
- dezagreyab;
- ki pratike paske moun (yo) ki viktim tretman an se manm nan yon Kategori Pwoteje lè konduit la pratike; epi sa
- depase nivo sa yon moun rezonab ki viktim nan asèlman epi ki baze sou menm patikilarite pwoteje a, ta konsidere pi pli pase yon enpridans mesken oswa yon dezagreman ki san enpòtans.
Kapab gen asèlman, tankou asèlman seksyèl ant nenpòt moun kèlkeswa sèks yo oswa jan yo, oswa si yo se manm nan nenpòt Kategori Pwoteje. Anplwaye, estajyè ki touche oswa ki pa touche ak moun ki pa anplwaye, tankou kontraktè endepandan ak moun ki anplwaye nan konpayi ki gen kontra pou bay sèvis nan Inivèsite a ak etidyan yo konsène nan Règleman sa a nan limit aksyon yo tonbe anba kontwòl oswa responsablite legal Inivèsite a. Anba Règleman sa a, haselè yo, kapab se yon sipèvizè, anplwaye sibaltèn, kamarad travay, manm nan gwoup pwofesè, kontraktè endepandan, travayè ki sou kontra, kliyan, kliyan, oswa vizitè.
Asèlman ilegal pa fèt sèlman nan pwopriyete Inivèsite a. Li kapab fèt pandan w ap vwayaje pou biznis Inivèsite a oswa nan evènman oswa fèt Inivèsite a sipòte. Paregzanp, koutfil, tèks, imèl ak sèten medya sosyal anplwaye yo itilize kapab reprezante asèlman ilegal nan espas travay la kont yon lòt moun menmsi aksyon sa yo fèt lwen lokal espas travay la, nan aparèy pèsonèl oswa pandan lè pa gen travay.
Men kèk egzanp konpòtman nou kapab konsidere kòm Asèlman
Kèk nan konpòtman ki baze sou yon Kategori Pwoteje ki kapab reprezante asèlman oswa ki kapab lakòz moun pote plent pou asèlman se, men pa sa yo sèlman:
- Vyolans fizik, menas pou fè vyolans fizik, kraponay fizik, oswa swiv moun tout kote;
- ekspozisyon materyèl degradan nan espas travay la, tankou ekspozisyon nan òdinatè espas travay la, medya sosyal, telefòn selilè, oswa nenpòt lòt zòn ki vizib pou lòt manm yo ki nan kominote Inivèsite a, tankou:
- Imaj, foto, afich, oswa objè; paregzanp, komik, poupe, oswa objè istorik degradan; oswa
- Tèks, grafiti, oswa mesaj kraponay ekri tankou epitèt, kalomni oswa menas;
- Lòt konpòtman tankou plezantri degradan, deklarasyon dezagreyab, epitèt oswa kalomni vèbal oswa aktivite estereyotip;
- Fè deranjman, destwiksyon oswa domaj nan estasyon travay, zouti oswa ekipman yon moun, oswa lakòz deranjman nan konpetans moun nan pou li fè djòb li;
- Fè kòmantè sou fòm fizik, abiman, oswa mòdvi yon moun nan yon mannyè ki rabese yon moun paske moun nan se ma nm nan yon Kategori Pwoteje;
- Fè zak sabotaj nan travay yon moun paske moun nan se manm nan yon Kategori Pwoteje; oswa
- Pèsekite, yon moun, rele sou li oswa rele moun nan vye non paske li se manm nan yon Kategori Pwoteje.
ASÈLMAN SEKSYÈL
Asèlman seksyèl se yon fòm diskriminasyon ki baze sou jan ak yon fòm asèlman nou entèdi jan sa defini anwo a. Asèlman seksyèl gen ladan asèlman sou baz sèks, preferans seksyèl, oto-idantifye oswa sèks ki vizib, ekspresyon jan, idantite jan, ak sitiyasyon chanjman sèks. Asèlman seksyèl pa fèt sèlman nan kontak seksyèl, atouchman seksyèl, oswa ekspresyon ki prezante yon manyè ki sijere sèks; konsa, asèlman seksyèl ka gen ladan estereyotip ki asosye avèk wòl gason ak fanm ak tretman anplwaye yo yon fason diferan akòz jan yo.
Asèlman seksyèl ka gen ladan avans seksyèl oswa demann favè seksyèl dezagreyab oswa lòt zak/konduit vèbal oswa fizik nan yon mannyè seksyèl oswa ki baze sou sèks lè:
- Prezantasyon yon konduit konsa vin swa yon fason enfòmèl oswa fòmèl yon kondisyon travay oswa siksè akademik yon moun;
- Lè yon moun aksepte oswa rejte yon konpòtman konsa sa sèvi kòm baz pou yon desizyon konsènan travay oswa akademi ki afekte moun nan; oswa
- Yon konduit konsa gen objektif oswa efè pou lakòz nuizans san rezon nan pèfòmans yon moun nan travay li oswa nan pèfòmans akademik li oswa sa kreye yon anviwònman travay oswa akademik ki bay kraponay, ki negatif oswa gwosye.
Entèpretasyon divèsite jan enpòtan pou rekonèt asèlman seksyèl paske diskriminasyon ki baze sou estereyotip seksyèl, ekspresyon jan ak idantite vizib yo tout se fòm diskriminasyon ilegal. Menmsi divèsite jan yo se yon ansanm distenge, twa fason ki pi komen moun idantifye yo se sisjan, transjan, ak non-binè. Yon moun sisjan se yon moun ki gen jan li ki koresponn avèk sèks li te fèt la. Anjeneral, jan sa a pral koresponn avèk gason oswa fanm binè. Yon moun transjan se yon moun ki gen jan li ki diferan avèk sèks li te fèt la. Yon moun non-binè pa idantifye sèlman kòm yon sèten jan.
Asèlman seksyèl pa bezwen grav oswa jeneralize pou vyole Règleman sa a. Li kapab prezante sou fòm nenpòt konpòtman asèlman ki depase nivo yon enpridans mesken oswa yon dezagreman ki san enpòtans dapre pwendvi yon moun rezonab nan menm Kategori Pwoteje ki te viktim nan asèlman oswa diskriminasyon. Chak ka asèlman se yon ka ki inik pou moun ki viktim ladan, epi pa gen limit senp ant enpridans mesken oswa dezagreman ki san enpòtans ak konpòtman asèlman. Nou konsidere konpòtman kote ou trete yon anplwaye oswa yon moun ki konsène yon fason grav nan yon nivo ki pi sevè pase yon enpridans mesken oswa yon dezagreman ki san enpòtans akòz sèks oto-deklare oswa ki vizib, ekspresyon jan, idantite jan, oswa sitiyasyon kote moun nan se yon transjan kòm yon vyolasyon Règleman sa a.
ATAK SEKSYÈL
Atak seksyèl se asèlman seksyèl ki gen ladan nenpòt zak seksyèl fizik ki fèt kont volonte yon moun, kote moun nan pa bay konsantman li aklè ak libelibè oswa kote moun nan pa kapab bay konsantman akòz itilizasyon dwòg oswa itilizasyon alkòl oswa akòz andikap entèlektyèl oswa yon lòt andikap.
Asèlman seksyèl gen ladan men pa sèlman kadejak, agresyon seksyèl, presyon seksyèl (zak ki itilize presyon oswa lafòs pou gen kontak seksyèl avèk yon moun ki refize deja) ak nenpòt lòt zak seksyèl.
Kèk egzanp konpòtman nou kapab konsidere kòm seksyèl Asèlman
Kèk nan konpòtman ki baze sou yon Kategori Pwoteje ki kapab reprezante asèlman oswa ki kapab lakòz moun pote plent pou asèlman se, men pa sa yo sèlman:
- Zak fizik nan yon mannyè seksyèl, tankou:
- Vyolans seksyèl (kadejak, agresyon seksyèl, vyolans nan relasyon boubout, vyolans nan kay, atouchman) oswa tantativ pou fè vyolans seksyèl; oswa
- Atouchman endezirab ak entansyonèl, penche, bay ti tap, bo, anbrase, kenbe, fwote kò ou sou kò yon lòt moun, oswa pike kò oswa rad yon lòt moun;
- Avans oswa pwopozisyon seksyèl ki endezirab, tankou:
- Demann favè seksyèl ki akonpaye avèk menas/pwomès enplisit oswa egzajere kote si yon moun refize oswa aksepte avèk volonte li sa pral afekte sitiyasyon moun nan, salè li, avansman li, evalyasyon pèfòmans li, oswa lòt avantaj li yo (tankou don kado) oswa nuizans;
- Presyon ki delika oswa ki sèten pou aktivite seksyèl endezirab;
- Badinaj seksyèl (tankou ou gade moun nan fiks oswa ou gade li avèk ensistans, oswa presyon pou angaje nan kontak seksyèl); oswa
- Jès, bwi, remak, plezantri ki gen oryantasyon seksyèl, oswa kesyon ak kòmantè sou seksyalite yon moun;
- Ekspozisyon materyèl seksyèl oswa materyèl ki degradan sou plan seksyèl nenpòt kote nan espas travay la, tankou men pa sèlman foto, afich, almannak, grafiti, objè, tèks oswa lòt materyèl ki degradan sou plan seksyèl oswa ki pònografik. Sa gen ladan ekspozisyon nan òdinatè espas travay la, telefòn selilè, oswa nenpòt lòt zòn ki vizib pou lòt manm kominote Inivèsite a;
- Estereyotip seksyèl ki fèt lè konduit oswa karakteristik pèsonalite yon moun evalye dapre lide oswa pèsepsyon yon lòt moun sou fason yon jan patikilye ta dwe sanble oswa aji, ki ka gen ladan remak sou ekspresyon jan yon moun oswa demann pou yon moun pran sou wòl ki seksye sou plan tradisyonèl; oswa
- Aksyon negatif ou fè kont yon moun akòz sèks moun nan, preferans seksyèl li, idantite jan li, oswa ekspresyon jan li, tankou transjan epi moun nan idantifye li alafwa kòm yon gason oswa yon fanm, swa fas-a-fas oswa nan lòt mwayen, tankou:
- Fè deranjman, destwiksyon oswa domaj nan estasyon travay, zouti oswa ekipman yon moun, oswa lakòz deranjman nan konpetans moun nan pou li fè djòb li akòz sèks moun nan;
- Fè kòmantè sou kò yon moun, abiman li ak mòdvi li ki gen enpak seksyèl oswa rabese seksyalite oswa jan moun nan;
- Fè zak sabotaj nan travay yon moun akòz sèks moun nan;
- Pèsekite, yon moun, rele sou li oswa rele moun nan vye non akòz sèks moun nan;
- Move itilizasyon entansyonèl pwonon yon moun pito nan yon fason pèsistan ak meprizan;
- Kreyasyon egzijans divèjan pou moun dapre idantite vizib yo.
C. Vanjans
Vanjans se yon aksyon Inivèsite a oswa yon manm kominote Inivèsite a fè ki ta dekouraje yon moun rezonab (yon anplwaye oswa yon lòt manm kominote Inivèsite a) fè yon plent, patisipe nan pwosesis plent lan oswa patisipe nan yon ankèt sou yon plent.
Yon aksyon se vanjans si ou fè li paske moun nan angaje nan aktivite pwoteje. Aktivite pwoteje kapab gen ladan, men pa sèlman: (1) lè yon moun fè plent pèsonèl oswa lè li montre opozisyon li pou diskriminasyon oswa asèlman vizib akòz yon Kategori Pwoteje; (2) lè yon moun bay temwayaj, ede, oswa patisipe nan yon ankèt, pwosedi, odyans, aksyon legal ki gen rapò avèk diskriminasyon oswa asèlman ki baze sou yon Kategori Pwoteje; oswa (3) lè yon moun egzèse dwa li anba yon lwa enpòtan ki konsène yon Kategori Pwoteje.
Men kèk egzanp konpòtman nou kapab konsidere kòm Vanjans
Selon sikonstans yo, kèk egzanp vanjans yo kapab se, men pa sa yo sèlman:
- Chèche ransèyman sou si yon moun angaje oswa pa angaje nan aktivite pwoteje oswa lonje dwèt sou nenpòt moun ki fè sa;
- Menas revokasyon, transfere epi fè chanjman nan lokal travay, revizyon move pèfòmans refi pou bay yon pwomosyon oswa yon fonksyon, refi pou bay avantaj djòb la, sispansyon, degradasyon, oswa revokasyon, bay refi pou yon demann aranjman rezonab, rediksyon nan kantite èdtan travay, oswa afektasyon nan peryòd travay/lokal travay ki mwen swetab;
- Yon ogmantasyon nan konpòtman asèlman kòm repons pou yon plent tankou fè menas vyolans fizik;
- Fè fo rapò ba otorite gouvènman (egzanp, lapolis, ajans ki bay lisans);
- Menas depòtasyon, kòmanse aksyon avèk otorite imigrasyon; oswa
- Aksyon akademik negatif kont yon etidyan kapab gen ladan yon nòt redui, rekòmandasyon negatif, kòmantè negatif sou etidyan an nan reyinyon oswa konferans akademik, oswa limite aksè nan yon opòtinite akademik.
D. Lòt Kondisyon
“Idantite oswa ekspresyon jan” vle di idantite, aparans, konpòtman, ekspresyon oswa lòt karakteristik ki asosye avèk jan reyèl oswa vizib yon moun, kèlkeswa sèks moun nan genyen lè li te fèt, tankou men pa sèlman, sitiyasyon lè yon moun se transjan. Idantite ki asosye avèk jan yon moun kapab gen ladan idantifye moun nan avèk plis pase yon jan, oswa pa idantifye moun nan avèk okenn jan.
“Pleyan” vle di moun ki te fè yon plent anba Règleman sa a, epi “Defandè” vle di moun pleyan an akize a pou konduit li kwè ki vyole Règleman sa a.
IV. Pwosedi Plent ak Ankèt(2)
Nou ankouraje manm kominote Inivèsite a pou rapòte diskriminasyon, asèlman oswa vanjans. Sa gen ladan manm kominote Inivèsite a ki panse yo te viktim nan konpòtman ki vyole Règleman sa a oswa ki temwen (kòm yon moun k ap pase), oswa vin okouran konduit li kwè ki vyole Règleman sa a.
Manm pèsonèl direksyon an ak manm pèsonèl sipèvizyon an ak Patnè Biznis Resous Imèn ki obsève diskriminasyon, asèlman oswa vanjans ki entèdi nan Règleman sa a, oswa ki resevwa oswa aprann rapò oswa enkyetid diskriminasyon, asèlman oswa vanjans ki tonbe nan limit Règleman sa a gen obligasyon pou rapòte obsèvasyon sa yo, enkyetid sa yo oswa rapò sa yo, annakò avèk Règleman sa a, depi yo fè yon obsèvasyon konsa, depi yo gen yon enkyetid konsa oswa depi yo vin okouran yon enkyetid konsa. Manm pèsonèl konsa ka tonbe anba disiplin si yo obsève konduit la, si yo aprann yon enkyetid konsa, oswa si yo resevwa yon rapò konsènan konduit la epi yo pa rapòte enfòmasyon yo selon egzijans Règleman sa a.
Pou objektif Règleman sa a, konfòmite avèk obligasyon rapòtaj la gen ladan rapòtaj touswit (anjeneral anvan 48 èdtan) enkyetid la ba Biwo Ekite ak Enklizyon epi kolaborasyon ak bay enfòmasyon yo nan Biwo Ekite ak Enklizyon. Manm pèsonèl Direksyon an ak manm pèsonèl sipèvizyon ak Patnè Resous Imèn ki pa rapòte konpòtman an epi ki konnen yo pèmèt kontinyasyon konpòtman ki reprezante diskriminasyon, asèlman oswa vanjans anba Règleman sa a ap ka tonbe anba disiplin. Kote yo divilge enfòmasyon ba anplwaye Inivèsite a pandan y ap sèvi nan yon kapasite pwofesyonèl ki privilejye (konseye sante mantal, klèje, pwofesyonèl medikal, ak konseye pou kriz akòz kadejak), obligasyon pwofesyonèl yo kontwole, epi yo pa gen obligasyon pou rapòte kòm sipèvizè yo anba Règleman sa a.
Pou objektif Règleman sa a, manm pèsonèl direksyon an ak manm pèsonèl sipèvizyon gen ladan:
- Nenpòt anplwaye ki gen responsablite sipèvizyon sou anplwaye yo tankou anplwaye etidyan yo ak manm gwoup pwofesè;
- Tout gwoup pwofesè yo;
- Fonksyonè Divèsite ak Enklizyon;
- Medyatè yo;
- Anketè Prensipal ki sou yon sibvansyon oswa kontra (anplwaye sa yo pran desizyon nan yon kapasite sipèvizyon sou moun ki nan laboratwa oswa rechèch y ap dirije);
- Moun nou te deziyen kòm yon Otorite Sekirite Kanpis la dapre Lwa Clery; ak Kowòdonatè Adjwen Tit IX; ak
- Moun ki travay nan nenpòt depatman/biwo sa yo:
- Depatman Sekirite Piblik
- Biwo Lavi Etidyan ki nan chak nan lekòl Inivèsite a, oswa
- Depatman Lavi Rezidansyèl
N ap rezoud tout plent oswa rapò ki konsène asèlman oswa diskriminasyon ki baze sou yon Kategori Pwoteje oswa vanjans asosye anba pwosesis yo ki endike nan Règleman sa a.(3)
Ou ka fè lent ki soti anba Règleman sa a nan Biwo Ekite ak Enklizyon aloral oswa ou ka fè plent lan alekri ba prezidan depatman an, dwayen an, direktè a, sipèvizè dirèk li, Biwo Resous Imèn, nenpòt Medyatè Inivèsite a oswa Biwo Konseye a. Inivèsite a pral travay pou diminye nèt kantite fwa yon moun ap gen obligasyon pou eksplike baz plent li, oswa repons li pou yon plent, yon prensip ki annamoni avèk pi bon pratik yo. Moun ki resevwa yon plent jan sa diskite anwo a pa ta dwe poze kesyon apwofondi sou enkyetid la men pito yo ta dwe rasanble enfòmasyon limite jan yo ase pou transfere plent lan nan Biwo Ekite ak Enklizyon touswit apre yo aprann enkyetid la, kèlkeswa lè te gen konduit yo sipoze a. Plent w ap depoze nan Biwo Ekite ak Enklizyon ta dwe fèt nan yon rapò ekri (https://rochester-gme-advocate.symplicity.com/public_report/index.php/pid932009?rep_type=1002). Yon moun ka prezante yon plent tou san moun sa a pa endike non li. Menmsi nou pral fè tout efò pou pwoteje konfidansyalite enfòmasyon tout moun ki konsène yo, nou pa kapab garanti konfidansyalite nèt.
Moun ki pa byen konnen obligasyon rapòtaj yo anba Règleman sa a ta dwe toujou rapòte enfòmasyon yo nan Biwo Ekite ak Enklizyon. Kèk egzanp sitiyasyon ki ta egzije pou gen rapòtaj endike nan definisyon diskriminasyon, asèlman, ak vanjans ou jwenn nan seksyon III. Ou ka poze kesyon sou fason pou fè yon plent ak sa pou espere pandan yon ankèt nan Biwo Ekite ak Enklizyon nan adrès imèl PADH@Rochester.edu (mailto:PADH@Rochester.edu). N ap transfere nenpòt rapò nou resevwa ki pa tonbe anba limit règleman sa a nan biwo responsab apwopriye a.
Kèlkeswa mannyè rapò a fèt, Inivèsite a pral analize li epi reponn tout enkyetid ak plent bòn-fwa yon moun fè anba Règleman sa a avèk yon rapidite otank posib epi n ap pran mezi korektif jan li nesesè. Biwo Ekite ak Enklizyon pral fè yon ankèt yon fason sevè ak san paspouki sou tout plent moun prezante nan atansyon yo epi y ap detèmine si y ap prepare yon rapò ankèt la annakò avèk pwosedi yo ki dekri anba a. Lè Inivèsite a kapab rezoud yon enkyetid avèk efikasite san nou pa prepare yon rapò ankèt, Inivèsite a ap rezoud plent yo dapre yon lòt kalite rezolisyon, tankou men pa sèlman, aksyon disiplinè, edikasyon, medyasyon, ak pratik reparatè. Nou ka rezoud yon plent san yon rapò ankèt avèk akò toulède moun ki konsène yo oswa selon desizyon Fonksyonè Resous Imèn Inivèsite a oswa Vis-Prezidan pou Ekite ak Enklizyon, oswa moun li chwazi, dapre sikonstans apa chak ka.
Inivèsite a pral fè efò pou reyalize nenpòt ankèt nan 90-120 jou apre nou resevwa plent lan. Biwo Ekite ak Enklizyon pral bay dènye enfòmasyon sou sitiyasyon an pou moun ki konsène yo pandan pwosesis ankèt la. Nou ka aplike mezi pwoteksyon pwovizwa, jan nou kwè li apwopriye.(4) Nòmalman ankèt la pral gen ladan yon entèvyou avèk Pleyan an, Defandè a, entèvyou avèk lòt temwen ki gen konesans enpòtan sou plent lan, epi selon desizyon anketè a, rasanbleman dokiman enpòtan yo.
Anba Règleman an nou fè ankèt yo nan nivo entèn sèlman. Men, moun ki konsène yo ak temwen yo ka gen yon moun sipò yo chwazi ki pa yon moun ki konsène oswa ki pa yon temwen, epitou ki pou prezan pandan nenpòt pati patisipasyon yo nan pwosesis la. Moun sa yo gen pèmisyon pou bay sipò pou Pleyan an oswa Defandè a, men yo pa ka pale sou non yo. Moun ki bay sipò yo pa ka entèvni oswa fè nuizans nan yon entèvyou oswa nan nenpòt aspè pwosesis ankèt la. Nan fen ankèt la, anketè a ka bay yon rapò ankèt pou prezidan yon panèl desizyon (“Prezidan Panèl”) (gade Apandis B). Anjeneral Prezidan Panèl la ta dwe bay yon detèminasyon alekri sou non panèl la nan 15 jou ouvrab apre li resevwa rapò ankèt la sou rezilta ankèt la pou Pleyan an, Defandè a, ak manm pèsonèl administratif apwopriye. Sèten pwosedi ak kontni detèminasyon an dekri avèk plis detay nan pwochen seksyon an.
- Si yon plent yon moun fè dapre Règleman sa a tonbe anba Règleman Tit IX Inivèsite a, n ap itilize pwosedi ankèt ak pwosedi desizyon Règleman Tit IX pou rezoud plent lan.
- Anplwaye yo ak gwoup pwofesè yo pa ka itilize Pwosedi Doleyans Resous Imèn (Règleman 160) (https://www.rochester.edu/policies/policy/grievance-procedure/) epi gwoup pwofesè yo pa ka itilize pwosedi doleyans ki dekri nan Manyèl Enfòmasyon pou Pwofesè pou yo fè plent sou diskriminasyon/asèlman ki baze sou yon Kategori Pwoteje oswa vanjans asosye.
- Inivèsite a gen dwa pou pran mezi pwoteksyon pwovizwa pou pwoteje moun kote anviwònman travay la, anviwònman aprantisaj la, anviwònman swen pasyan oswa anviwònman pou viv sanble bezwen mezi pwoteksyon konsa. Mezi pwoteksyon pwovizwa yo gen ladan aksyon tankou mete moun yo nan konje pou yon ti tan, esklizyon nan pwogram yo ak sant medikal yo, chanje aranjman pou travay, aranjman pou aprantisaj, aranjman pou swen pasyan oswa aranjman pou viv, oswa enpoze lòt kondisyon nan anviwònman Inivèsite a jan sa jistifye.
V. Detèminasyon, reparasyon ak mezi koreksyon
Kote gen yon rapò ankèt ki fèt, nou dwe transmèt li ba Prezidan Panèl apwopriye a. Prezidan Panèl la (gade Tablo 1 ki anba a) dwe konvoke yon panèl pou detèmine si eleman yo ki endike nan rapò ankèt la sipòte yon konklizyon ki endike te gen yon vyolasyon Règleman sa a epi, si sa te fèt, pou yo detèmine sanksyon apwopriye a. Majorite manm yo dwe apwouve desizyon panèl la pran yo avèk yon vòt pozitif. Panèl dwe fòme avèk omwen yon moun Resous Imèn (swa Vis-Prezoidan pou Resous Imèn oswa yon moun li chwazi) yon moun Biwo Ekite ak Enklizyon (swa Vis-Prezidan pou Biwo Ekite ak Enklizyon oswa yon moun li chwazi), yon dirijan prensipal Lekòl kote yo plent lan te soti ak yon dirijan prensipal yon Lekòl diferan. Answit, si ankèt la konsène youn oswa plis moun ki se manm gwoup pwofesè yo, panèl la dwe gen ladan tou yon manm gwoup pwofesè yo ki pa gen yon nominasyon administratif (“nominasyon administratif” defini kòm yon pozisyon nan ran vis-dwayen oswa ekivalan oswa pozisyon ki pi wo). Si ankèt la konsène youn oswa plis moun ki se etidyan, panèl la dwe gen ladan tou yon dirijan prensipal ki gen responsablite pou afè etidyan. Yon dirijan prensipal defini kòm nenpòt moun ki gen yon tit ki ekivalan avèk dwayen (tankou asosye ak asistan), vis-prezidan (tankou asosye ak asistan), rektè, direktè, chèf, oswa prezidan. Biwo Ekite ak Enklizyon pral bay Prezidan Panèl la yon lis moun ki te resevwa fòmasyon kòmsadwa pou patisipe nan yon panèl.
Manm pèsonèl ki sèvi nan panèl la dwe kenbe nenpòt enfòmasyon ki devwale nan konsiltasyon an konfidansyèl, yon prensip ki annamoni avèk règleman Inivèsite a.
Detèminasyon konsènan vyolasyon Règleman sa a avèk nòm prèv ki pi enpòtan yo. Nòm prèv ki pi enpòtan vle di yon akizasyon ka sable vrè pase pa vrè. Si panèl la jwenn gen yon vyolasyon Règleman sa a, y ap idantifye mezi korektif kòmsadwa annamoni avèk règleman ak pratik Inivèsite a.
Anvan piblikasyon yon lèt detèminasyon, Prezidan Panèl la pral fè moun ki konsène yo moun ki pral fè pati nan panèl desizyon an. Answit Prezidan Panèl la pral bay yon lèt detèminasyon sou non panèl la. Detèminasyon sa a, n ap voye pa Pleyan an ak ba Defandè a , pral gen ladan yon rezime rezilta yo sou ankèt la epi l ap endike si yo te jwenn yon Defandè vyole Règleman an. Selon sikonstans yo, detèminasyon n ap voye ba Pleyan an ak Defandè a pral dekri nenpòt aksyon korektif ki dwe adopte ak lòt rekòmandasyon ki baze sou rezilta yo.(5)
Ni Pleyan an ni Defandè a p ap resevwa yon kopi rapò ankèt la. Men, apre piblikasyon detèminasyon an, Pleyan an ak Defansè a ka revize rapò ankèt la sou papye oswa sou entènèt, avèk posiblite pou efase enfòmasyon pèsonèl ki kapab idantifye yo dapre kèk lwa tankou men pa sèlman FERPA ak HIPAA.
Si panèl desizyon an detèmine yon Defandè responsab pou vyolasyon Règleman sa a, konsekans ki enpoze yo ap depannde sèten rezilta ak detay ka a.
Kèk nan mezi disiplinè, mezi redrèsman, oswa mezi korektif ki enpoze yo se kapab men pa sa yo sèlman:
- Revokasyon
- Degradasyon
- Prezantasyon ba Komite Inivèsite a sou Fonksyon ak Privilèj pou anilasyon fonksyon oswa rezilyasyon kontra
- Non-renouvèlman kontra
- Re-afektasyon, chanjman nan afektasyon
- Rediksyon nan konpansasyon oswa refi pou bay yon ogmantasyon salè oswa lòt resous
- Anilasyon oswa sispansyon privilèj klinik yo
- Anilasyon fonksyon oswa afektasyon administratif yo
- Prezantasyon eleman vyolasyon an nan dokiman ak konsekans yo nan dosye pwofesè/anplwaye
- Fòmasyon obligatwa
- Sipèvizyon oswa swivi regilye
- Sispansyon san peman
- Disiplin ekri
- Rapòtaj yon vyolasyon Règleman sa a ba otorite konpetan ki responsab pou bay sibvansyon oswa lisans yo, si li nesesè
Yon rezilta ki endike konduit la pa t vyole Règleman sa a pa p anpeche Inivèsite egzije pou gen mezi redrèsman, tankou men pa sèlman pou egzije fòmasyon oswa antrènman obligatwa. Yon rezilta ki endike konduit yo devwale a pandan yon ankèt 1) te vyole yon lòt règleman oswa règ Inivèsite a oswa 2) pa t vyole Règleman sa a men te enpòtan ase pou garanti aksyon disiplinè, pral toujou pèmèt Inivèsite a pran mezi disiplinè, mezi redrèsman oswa mezi korektif menmsi pa t gen vyolasyon Règleman sa a. Answit, malgre rezolisyon yon plent anba Règleman sa a, si nou jwenn oswa montre gen yon konduit ki ka vyole yon lòt règleman oswa règ Inivèsite a, Inivèsite a ka fè yon ankèt oswa yon revizyon apa ki kapab lakòz nou adopte mezi disiplinè, mezi redrèsman oswa mezi korektif ki vize konduit la.
- Nan detèminasyon aksyon korektif ki asosye avèk gwoup pwofesè, nou pa kapab anile okenn fonksyon manm gwoup pwofesè oswa nou pa kapab rezilye kontra san nou pa swiv pwosesis anilasyon fonksyon ki endike nan Manyèl Enfòmasyon pou Gwoup Pwofesè.
TABLO I
Plent Kont: | Prezidan Panèl la se pral: |
Yon manm gwoup pwofesè oswa enkyetid pou diskriminasyon ki gen rapò avèk yon pwosesis gwoup pwofesè | Dwayen Lekòl kote Defansè a gen nominasyon prensipal li oswa kote pwosesis yo konteste a gen rezidans |
Manm pèsonèl ki anplwaye nan yon Lekòl oswa nan yon Kolèj | Dwayen Lekòl oswa Kolèj Defandè a |
Manm pèsonèl ki anplwaye – Bibliyotèk River Campus | vis-Rektè ak Dwayen Bibliyotèk la |
Manm pèsonèl ki anplwaye – Laboratory for Laser Energetics | Direktè Laboratory for Laser Energetics |
Manm pèsonèl ki anplwaye – Memorial Art Gallery | Direktè Memorial Art Gallery |
Manm pèsonèl ki anplwaye – Strong Memorial Hospital |
Prezidan- Direktè Jeneral Strong Memorial Hospital (oswa yon moun li chwazi) |
Manm pèsonèl ki anplwaye – Administrasyon Santral |
vis-Prezidan divizyon, inite Defandè a (oswa yon moun li chwazi) |
Bousye Pòs-doktora oswa Asosye |
Ekivalan Dwayen Etid Avanse Lekòl Defandè a |
Dwayen Lekòl oswa Kolèj | Rektè |
Rektè, Vis-Prezidan Prensipal pou Syans Sante, ak Prezidan-Direktè Jeneral Sant Medikal |
Prezidan |
Prezidan | Prezidan, Konsèy Administrasyon |
Vizitè oswa Founisè (ki pa lopital) |
Vis-Prezidan Prensipal pou Finans ak Administrasyon (oswa yon moun li chwazi) |
Pasyan, Vizit, oswa Founisè nan Strong Memorial Hospital | Prezidan- Direktè Jeneral Strong Memorial Hospital (oswa yon moun li chwazi) |
**Sizoka Prezidan Panèl la pa klè nan tablo anwo a, n ap voye afè a ba Rektè a pou idantifye yon Prezidan Panèl.
**Nan ka kote plent lan fèt kont Prezidan konpetan Panèl la oswa nan ka kote Prezidan Panèl la konsène nan desizyon oswa nan afè ki se sijè plent lan, ka gen yon konfli enterè epi Rektè a oswa Prezidan an ka lonmen yon lòt kalite administratè. N ap fè Pleyan an konnen kimoun ki pral vin Prezidan Panèl la nan moman l ap depoze plent lan, epi, n ap fè li konnen imedyatman non Prezidan an vin disponib, non manm panèl la, epi Pleyan an ka mande pou gen yon lòt Prezidan Panèl la oswa pou gen yon lòt manm panèl la kote yon konfli konsa egziste.
VI. Kontestasyon
Nenpòt moun ki konsène nan yon ankèt ki lakòz panèl la fè yon detèminasyon ka konteste desizyon an nan 15 jou ouvrab apre dat ki endike nan lèt detèminasyon an. Kontestasyon yo se pa objektif pou gen yon dezyèm ankèt oswa revizyon tout eleman yo men yo la sèlman pou konsidere (1) prèv ki pa t disponib anvan pou anketè a oswa Ofisyèl la (oswa yon moun li chwazi); (2) defo materyèl nan pwosesis ki mennen nan desizyon an oswa (3) gravite oswa konfòmite aksyon korektif ki enpoze a. Ou dwe prezante kontestasyon yo alekri ba ofisye oswa administratè prensipal konpetan, sètadi, chèf pèsonèl la ba Prezidan an, oswa yon moun li chwazi, kote akize a se yon manm pèsonèl la, yon vizitè oswa yon pasyan; Rektè a kote akize a se yon manm gwoup pwofesè, ak Prezidan an kote akize a se yon fonksyonè.
Lè fonksyonè prensipal la oswa administratè a resevwa kontestasyon an, l ap konvoke yon panèl revizyon twa moun k ap gen ladan fonksyonè prensipal la oswa administratè a ak yon manm yo chak nan Resous Imèn ak Biwo Ekite ak Enklizyon pou revize kontestasyon an. Kantite manm panèl revizyon an pa ka gen ladan okenn moun ki te sèvi nan panèl desizyon an ki asosye avèk detèminasyon yo konteste a. Anjeneral fonksyonè prensipal la oswa administratè a ta dwe kominike desizyon panèl revizyon an ba moun ki fè kontestasyon an nan egzakteman 15 jou ouvrab apre li resevwa kontestasyon an. Desizyon panèl kontestasyon an dwe se yon desizyon ki final.
VII. Konfidansyalite
Inivèsite a pral fè etap ki rezonab pou pwoteje konfidansyalite Pleyan yo, Defandè yo ak temwen yo. Pleyan yo, Defandè yo, temwen yo, ak moun sipò yo pral resevwa yon avi k ap fè yo konnen divilgasyon enfòmasyon sou plent lan oswa ankèt la gen posiblite pou jennen onètete ankèt la, ta ka afekte pèsepsyon ak souvni evènman yo epi, nan sèten sikonstans, sa ta reprezante vanjans kont yon patisipan nan ankèt la.
Nenpòt kalite vanjans, poukont li, se yon vyolasyon Règleman sa a. Men moun ki konsène yo rete libelibè pou divilge pwòp eksperyans yo, pou evite posiblite pou konpwomèt konfidansyalite ankèt la, pandan pwosesis ankèt la sèlman, anjeneral li rekòmande pou limite kantite moun yo fè konfyans. Selon sikonstans yo, anketè a ka fè kèk etap pou pwoteje onètete ankèt la oswa pou evite konduit li kapab konsidere kòm yon vanjans. Sof divilgasyon lèt detèminasyon an n ap voye ba Pleyan an ak Defandè a, nou p ap divilge rezilta ankèt la ba temwen yo (eksepte pou fè yo konnen ankèt la fini). Men, Prezidan an, Biwo Ekite ak Enklizyon, oswa Prezidan Panèl nan tèt ansanm avèk Biwo Konsèy la, ka divilge rapò a oswa lòt enfòmasyon yo jwenn pandan ankèt la jan lalwa oswa règleman egzije sa oswa jan sa apwopriye.
Dispozisyon sa yo pa anpeche Inivèsite a angaje nan preparasyon rapò global, anonim konsènan Règleman sa a.
VIII. Achivaj
Dosye ankèt la okonplè, ak yon kopi nenpòt detèminasyon oswa desizyon sou kontestasyon ki konsène yon plent anba Règleman sa a, ansanm avèk yon kopi aksyon redrèsman oswa disiplin yo pran pou bay repons pou plent lan, dwe konsève nan Biwo Ekite ak Enklizyon. Yo pa dwe mete okenn dokiman ki konsène yon ankèt, ak detèminasyon an sèlman nan okenn dosye pèsonèl moun sof si moun nan te resevwa konsèy oswa disiplin kòm yon konsekans. Yo dwe bay dosye plent yo ak nenpòt aksyon redrèsman ki adopte pou Biwo Ekite ak Enklizyon.
Si nou pa jwenn yon vyolasyon Règleman sa a, men Inivèsite a pran lòt mezi disiplinè, lòt mezi redrèsman oswa lòt mezi korektif dapre enfòmasyon nou vin konnen pandan pwosesis yon ankèt, Resous Imèn pral mete dokiman ki konsène mezi sa yo nan dosye pèsonèl moun nan , epi yo ka bay yon kopi pou sipèvizè, prezidan, ak/oswa dwayen moun nan, jan sa apwopriye.
IX. Lòt Avi Eta New York Egzije pou Bay Anplwaye yo
Eta New York egzije pou patwon yo bay anplwaye yo, aplikan yo, kontraktè yo, ak lòt moun ki fè biznis avèk patwon an enfòmasyon konsènan pwoteksyon legal ak redrèsman legal konsènan asèlman seksyèl. Enfòmasyon sa yo endike nan Apandis B.
Menmsi yon pleyan pa bezwen yon avoka prive pou depoze yon plent avèk yon ajans gouvènman oswa avèk yon tribinal, Pleyan yo ka chèche jwenn konsèy legal yon avoka. Biwo Resous Imèn, Biwo Medyasyon Inivèsitè a, Biwo Konsèy la, Biwo Ekite ak Enklizyon ak Kowòdonatè Tit IX kapab reponn kesyon yo sou Règleman sa a, men okenn anplwaye oswa reprezantan Inivèsite a pa kapab bay konsèy legal pou nenpòt Pleyan, Defansè, oswa temwen.
Gade tou:
- Manyèl Enfòmasyon Enpòtan (Gwoup Pwofesè, Enfimri, Etidyan Diplome, Etidyan Medikal, Manyèl pou Rezidan Bousye, Règleman Gwoup Pwofesè SMD)
Apandis yo
Apandis A: Kowòdonatè Tit IX ak Kowòdonatè Adjwen yo
Nivo Inivèsite a |
Julia Green, Assoc. vis-Prezidan pou Konfòmite avèk Dwa Sivil yo ak 147A Wallis Hall (585) 275-1654 |
Boza, Syans ak Jeni |
Dawn Bruner, Kowòdonatè-Adjwen
510 Wilson Commons (585) 275-4085 |
Eastman School of Music |
John Hain, Kowòdonatè-Adjwen
ESM Gibbs Street – Rm. 111 (585) 274-1020 |
School of Medicine and Dentistry |
Stephen P. Burke, Kowòdonatè-Adjwen
(585) 208-5715 |
School of Nursing |
Kristin Hocker, Kowòdonatè -Adjwen
601 Elmwood Ave., Box SON (585) 275-0961 |
Simon School of Business |
Dennis P. Proulx, Kowòdonatè-Adjwen
202M Schlegel Hall (585) 275-2937 |
Warner School |
Carol St. George, Kowòdonatè-Adjwen
454 LeChase Hall (585) 275-0967 |
Athletics |
Kristine Shanley, Kowòdonatè -Adjwen
1115 Goergen Athletic Center (585) 275-6277 |
Apandis B: Lòt Avi Lwa Eta New York Egzije pou Bay Anplwaye yo
Eta New York egzije pou patwon yo bay anplwaye yo, aplikan yo, kontraktè yo, ak lòt moun ki fè biznis avèk patwon an enfòmasyon konsènan pwoteksyon legal ak redrèsman legal konsènan asèlman seksyèl. Sa ki re-enprime anba a se langaj nan Modèl Règleman kont Asèlman Seksyèl pou tout Patwon ki nan Eta New York.
Asèlman seksyèl pa sèlman entèdi nan University of Rochester, men lwa leta, lwa federal epi kote li anvigè, lwa lokal entèdi li tou.
Pwosesis entèn ki endike nan Règleman anwo a se yon fason pou anplwaye yo rapòte asèlman seksyèl. Anplwaye yo ak moun ki konsène yo ka chwazi tou pou fè pouswit jiridik avèk enstitisyon gouvènman ki endike anba yo. Menmsi yon avoka prive pa nesesè pou depoze yon plent avèk yon ajans gouvènman, ou ka chèche konsèy legal yon avoka tou.
Divizyon Dwa Moun Eta New York
Lwa Eta New York konsènan Dwa Moun (Human Rights Law, HRL), N.Y. Lwa Egzekitif atik. 15, § 290 et seq.,aplike pou tout patwon ki nan Eta New York epi li pwoteje anplwaye yo ak moun ki konsène yo kèlkeswa sitiyasyon imigrasyon yo. Ou ka depoze yon plent ki sipoze vyolasyon Lwa konsènan Dwa Moun swa avèk Divizyon Dwa Moun (Division of Human Rights, DHR) Eta New York oswa nan Tribinal Siprèm Eta New York.
Ou ka prezante plent pou asèlman seksyèl ou depoze avèk DHR nenpòt lè nan twa ane apre asèlman an. Si yon mounpa depoze yon plent avèk DHR, li kapab fè yon aksyon nan lajistis dirèkteman nan tribinal leta anba Lwa konsènan Dwa Moun nan twa ane apre asèlman seksyèl moun nan sipoze a. Yon moun pa ka depoze plent avèk DHR si li te depoze yon plent anba HRL deja nan tribinal leta.
Plent entèn ou depoze nan Inivèsite a pa pwolonje tan ou pou depoze plent lan avèk DHR oswa nan tribinal. Twa ane yo konte apati dat te gen dènye ensidan asèlman an.
Ou pa bezwen yon avoka pou depoze yon plent avèk DHR, epitou pa gen depans pou fè pou depoze yon plent avèk DHR.
DHR pral fè yon ankèt sou plent ou epi y ap detèmine si gen rezon valab pou kwè te gen ensidan asèlman seksyèl. Ka ki gen rezon valab yo ap resevwa yon odyans piblik devan yon jij lwa administratif. Si yo jwenn gen asèlman seksyèl nan odyans lan, DHR ap gen pouvwa pou akòde yon reparasyon. Reparasyon an diferan men li ka gen ladan egzije patwon ou pou pran mezi pou sispann asèlman an, oswa repare domaj asèlman an lakòz, tankou peman domaj monetè, domaj pinisyon, frè avoka, ak amann sivil.
Men enfòmasyon pou kontakte biwo santral DHR: NYS Division of Human Rights, One Fordham Plaza, Katriyèm Etaj, Bronx, New York 10458. Ou ka rele nimewo (718) 741-8400 oswa ou ka ale sou sitwèb: www.dhr.ny.gov.
Ale sou sitwèb dhr.ny.gov/complaint pou jwenn plis enfòmasyon sou fason pou depoze yon plent avèk DHR. Sitwèb kla gen yon pwosesis dijital pou depoze plent ki kapab fèt nan òdinatè ou oswa nan aparèy mobil ou depi nan kòmansman pou fini. Sitwèb la gen yon fòm plent ou kapab telechaje, ranpli, epi voye pa lapòs ba DHR epitou li gen yon fòm ou kapab prezante sou entènèt. Sitwèb la gen enfòmasyon pou pran kontak tou pou biwo rejyonal DHR yo toupatou nan Eta New York.
Rele liy dirèk DHR pou rapòte asèlman seksyèl nan nimewo 1(800) HARASS3 pou jwenn plis enfòmasyon sou fason pou depoze yon plent pou asèlman seksyèl. Liy dirèk sa a kapab ba ou yon referans tou pou wè yon avoka volontè ki gen eksperyans nan afè asèlman seksyèl yo epi ki kapab ba ou asistans gratis limite ak konsèy nan telefòn.
Komisyon Etazini pou Opòtinite Egalego nan Travay
Komisyon Etazini pou Opòtinite Egalego (Equal Employment Opportunity Commission, EEOC) ranfòse lwa federal yo kont anti -diskriminasyon yo, tankou Tit VII Lwa federal 1964 konsènan Dwa Sivil yo, 42 U.S.C. § 2000e et seq. Yon moun kapab depoze yon plent avèk EEOC nenpòt lè nan 300 jou apre dènye ensidan asèlman an. Pa gen depans pou fè pou depoze yon plent avèk EEOC. EEOC pral fè yon ankèt sou plent lan epi y ap detèmine si gen rezon valab pou kwè te gen pratik diskriminasyon. Si EEOC detèmine lwa a te ka vyole, EEOC pral eseye jwenn yon aranjman volontè avèk patwon an. Si EEOC pa kapab jwenn yon aranjman, EEOC (oswa Depatman Jistis nan sèten ka) pral deside si se pou ale nan yon pwosè. EEOC pral bay yon Avisou Dwa pou fè yon aksyon nan Lajistis pou pèmèt travayè yo ale nan yon pwosè nan tribinal federal si EEOC klase plent lan, pa kapab detèmine si lwa federal kont diskriminasyon yo te vyole, oswa kwè te gen diskriminasyon ilegal, yo p ap fè yon pwosè nan lajistis.
Moun yo ka jwenn reparasyon nan medyasyon, aranjman oswa konsilyasyon. Answit, tribinal federal yo ka akòde reparasyon si yo jwenn te gen pratik diskriminasyon. Anjeneral, patwon prive yo dwe gen omwen 15 anplwaye pou vini nan jiridiksyon EEOC.
Yon anplwaye ki kwè li viktim nan diskriminasyon nan travay li kapab depoze yon “Plent pou Diskriminasyon.” EEOC gen biwo distri, biwo rejyonal, biwo teren kote moun kapab depoze plent yo. Kontakte EEOC depi ou rele nimewo 1-800-669-4000 (TTY: 1-800-669-6820), depi ou ale sou sitwèb yo nan www.eeoc.gov oswa nan imèl nan info@eeoc.gov.
Si yon moun te depoze yon plent administratif avèk Divizyon Dwa Moun Eta New York, DHR pral depoze plent lan otomatikman avèk EEOC pou pwoteje dwa pou ale nan tribinal federal.
Pwoteksyon Lokal yo
Anpil lokalite ranfòse lwa ki pwoteje moun kont asèlman seksyèl ak diskriminasyon. Yon moun ta dwe kontakte konte, vil oswa vilaj kote l ap viv pou chèche konnen si yon lwa konsa egziste. Paregzanp, anplwaye ki travay nan Vil New York ka depoze plent pou asèlman seksyèl oswa diskriminasyon avèk Komisyon Dwa Moun Vil New York. Kontakte biwo santral yo nan Law Enforcement Bureau of the NYC Commission on Human Rights, 22 Reade Street, 1st Floor, New York, New York; rele 311 oswa (212) 306-7450; oswa ale sou sitwèb www.nyc.gov/html/cchr/html/home/home.shtml.
Kontakte Depatman Lapolis Lokal
Si asèlman an ft avèk atouchman fizik endezirab, izòlman fizik sou presyon, oswa zak seksyèl sou presyon, konduit la ka reprezante yon krim. Nou ankouraje moun ki vle fè pouswit nan lajistis pou akizasyon kriminèl pou yo kontakte Depatman Sekirite Piblik Inivèsite a oswa depatman lapolis lokal yo.
ENFÒMASYON SOU RÈGLEMAN SA A
Nimewo Règleman an
106
Otorite ki Pibliye li
University of Rochester
Fonksyonè ki Responsab
Julia Green
Enfòmasyon pou Pran Kontak
LÒT RESOUS
Fòm Rapò PADH (https://rochester-gme-advocate.symplicity.com/public_report/index.php/ pid818927?rep_type=1002)
Règleman Tit IX (https://www.rochester.edu/human-resources/wp-content/uploads/2021/01/ Title-IX-Policy.pdf)
RÈGLEMAN ASOSYE
Pwosedi Doleyans (https://www.rochester.edu/policies/policy/grievance-procedure/)
Règleman konsènan Aksyon Afimatif pou Minorite, Fanm, Moun Andikape, ak Veteran Pwoteje (https://www.rochester.edu/policies/policy/affirmative-action/)
Rekritman ak Seleksyon (https://www.rochester.edu/policies/policy/recruitment-selection/) Disiplin Korektif (https://www.rochester.edu/policies/policy/corrective-discipline/) Valè Moral ak Règleman konsènan Opòtinite Egalego nan Espas Travay (https://www.rochester.edu/policies/policy/workplace-values/)
MO KLE RÈGLEMAN AN
Konduit (https://www.rochester.edu/policies/all/?filter%5Btopics%5D=346)
Opòtinite Egalego (https://www.rochester.edu/policies/all/?filter%5Btopics%5D=396)
Asèlman (https://www.rochester.edu/policies/all/?filter%5Btopics%5D=1426)